Konekte
Enskri

Konekte kounye a

Modpas bliye

Enskri kounye a

Akèy  

Nòt senpati

“Kongrè Patriyotik pou yon Sovtaj Nasyonal (KPSN)” aprann ak anpil sezisman ak gwo doulè nouvèl lanmò trajik Me Junior Chérelus, avoka ak pwofesè inivèsite, ki rive lendi 10 novanm 2025, bò kote Delegasyon Depatmantal Sant lan, nan Ench. Nan sikonstans tris sa a, KPSN prezante tout senpati li ak solidarite li bay fanmi defen an, kòlèg li yo, etidyan li yo, epi tout sektè inivèsitè ayisyen an, ki ankò yon fwa frape pa zak vyolans avèg ki pa janm sispann nan peyi a. KPSN kondane avèk tout fòs li zak sa a ki pa akseptab, epi li deplore fason krim ap banalize chak jou nan sosyete a. Li lè, li tan pou nou sispann spiray mechanste sa a ki ap ravaje fondasyon nasyon an epi kraze espwa tout yon pèp. Atravè trajedi sa a, KPSN lanse yon apèl bay konsyans nasyonal la : chak sitwayen, enstitisyon yo, epi tout fòs viv peyi a, pou nou leve yon fason moral ak kolektif pou retabli diyite, jistis ak sekirite pou tout moun. Ayiti pap janm ka leve kanpe si y ap detwi espas aprantisaj li yo. San edikasyon, pap gen ni refondasyon, ni estabilite, ni avni. KPSN bese tèt li avèk respè devan memwa Me Junior Chérelus epi li reafime angajman li pou l kontinye travay avèk detèminasyon pou yon Ayiti ki chita sou respè lavi, konesans ak libète.